Minis edikasyon nasyonal la, pwofesè Antoine Augustin vizite lekòl Bonbèje nan komin Chanbelan.

03 – 25 – 2025
Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis edikasyon nasyonal la, ki te akonpaye anbasadè Fransè a nan peyi Dayiti, Antoine Michon, anbasadè peyi Kanada a, André François Ginoux ak reprezantan pwogram alimantè mondyal la ak divès lòt otorite etatik, vizite lekòl Bonbèje nan komin Chanbelan.
Objektif vizit sila, se gade kondisyon timoun yo ki benefisye yon pla cho nan kad pwogram kantinn eskolè a ak prosedi ou respè protokòl operasyonèl.
Se te egalman okazyon pou minis Antoine Augustin ankouje elèv yo pou pwan lekòl oserye, paske jènn yo se avni peyi a e fok yo bay edikasyon enpòtans.






