Jakmèl : Lapolis Nasyonal poze lapat sou René Felito pou zak kriminèl nan Kòk Chant.

415
0
Share:
TRiboLAND

03 – 05 – 2025

Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè Sidès (SDPJ-SE) ki soti anndan vant enstitisyon PNH la anonse ke yo te arive mete men sou René Felito, alyas Kesnel, ki genyen sou tèt li karant rekòt kafe. Otorite yo nan Sidès peyi a, akize Kesnel pou enplikasyon li nan yon krim ki fèt nan seksyon kominal Kòk Chant nan Jakmèl.

Enfòmasyon yo fè konnen ke Kesnel temwanye ke se limenm ki komèt krim nan. Li sètifye pou li di ke se avèk yon ponya li arive fè krim nan. Pou koulya, René ap reflichi dèyè bawo, pandan lap reflechi sou pwochen etap jidisyè yo.

Share:

Leave a reply