Fonksyonè ministè Dèkil yo plede anfavè yon leadership ki chita sou yon konpetans entènn

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon kominike Sendika ministè Dèkil la mete deyò, li pa kache laperèz li devan yon seri koulè nominasyon politik ki fèt nan tèt enstitisyon ministeryèl la.
Daprè sendikalis yo, yon enstitisyon tankou ministè Dèkil, ta dwe ap jere anba direktif moun ki deja travay nan enstitisyon an e ki genyen yon pi bon dimansyon konpreansyon sou kilti operasyonèl estrikti a ki trè sansib. Mesye sendikalis yo rabat pou di, yon parèy konsiderasyon kapab garanti pi bon mach ministè a; konsa, sa ap kapab evite tout konpòtman dap piyanp, enfliyans politik ak tandans “moun pa” nan enstitisyon an.
Pi lwen, sendika a plede pou absans tout enfliyans ou enstrimantalizasyon revanche politik nan tèt direksyon jeneral ministè Dèkil la. Konsa, li mande KPT a pou li favorize konpetans ak eksperyans enstitisyonèl pou kontinwite nan estabilite administrative e yon sèvis piblik ki djanm.







This really answered my downside, thanks!