Grandans : Chanjman nan administrasyon piblik lan

518
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Doktè Boutros Gallu Pierre, se nouvo direktè depatmantal sante piblik Grandans lan, ki ranplase nan pòs sila, doktè Angello Duvelson, aprè l finn pase plis pase yon dizènn lane ap dirije direksyon depatmantal sanitè Grandans lan.

Se minis sante piblik la, doktè Sinal Bertrand ki te pwosede ak enstalasyon nouvo direktè a. Nan diskou sikonstans lan, minis sante piblik la, mande nouvo direktè a pouf è tout sa li kapab, pou travay pou bay popilasyon an swen kòm sa dwa.

Yon lòt bò, nouvo direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Boutros Gally Pierre, swete jwenn bonjan kolaborasyon tout moun osito li pote bonjan amilyorasyon nan estrikti sanitè depatman Grandans lan.

Share:

Leave a reply