Jèn Wo Monstik, nan lokalite La Tiplas benefisye premye jounen fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND sou fabrikasyon pwodwi chimik.

432
0
Share:
TRiboLAND

02 – 14 – 2025

La Tiplas, Wo Monstik____(TRiboLAND) Gras ak sipò yon vanyan gason, Alexandre Titon ki te fasilite demach yo, Fondasyon TRiboLAND arive mete pye li atè nan Wo Monstik, lokalite La Tiplas, Nòdwès Dayiti.

Li te byen bonè nan maten vandredi 14 fevriye 2025 lan, jèn tout kalite, melanje ak granmoun te plen espas ki loje legliz Assemblée de Jésus de la Pencôte nan La Tiplas la pou te resevwa premye fòmasyon Fondasyon TRiboLAND nan kanton an.

Toutfwa, sa yo ki te swaf yon metye manyèl ou debouche ekonomik, pat kache detèminasyon ak antouzyasm yo pou pwofite mete kichòy nan tèt yo pou goumen ak lavi enfènal Ayiti a. Pozisyon jewografik lokalite La Tiplas la, ofri yon latriye defi majè ki pa favorab pou transpòtasyon ak aksesibilite pwodwi lokal yo.

Premye jounen fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND lan, te reyone avèk yon dezi manifès pou aprann. Aprenan yo te genyen gam 10 pwodwi nan panye aprantisaj la. jounen vandredi a, yo aprann fè yon latriye pwodwi tankou: mistolin, pafen, shampoo, savon likid, klowòks pou nou site sa yo sèlman.

 Antouka, randevou kase pou demen samdi 15 fevriye a, yon lòt jounen atelye travay ki pral fasilite aprenan yo metrize yon lòt pwodwi chimik anplis san senkòb Lesko.

Share:

Leave a reply