Grandans Edikasyon: Pwofesè Vidal Chevalier mande pwofesè lekòl piblik yo pou fè yon trèv.

02 – 12 – 2025
Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Pwofesè Vidal Chevalier, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, mande pwofesè lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan, pou pwan konsyans e mete fen nan mouvman revandikasyon yo pandan yo ap repwann chimen etablisman eskolè piblik yo.
Daprè pwofesè Chevalier, li pa lojik pou chak mwa pwofesè lekòl piblik yo kontante yo ap touche chèk leta a san ke yo pa travay. Pwofesè Vidal Chevalier ale pi lwen pou rann responsab tout zak kraze brize, elèv lekòl piblik yo fè depi komansman mwa Janvye 2025 lan, jiis pou reklame prezans pwofesè leta ap peye chak mwa yo nan sal klas yo.
Pwofesè Vidal Chevalier, ki se pwofesè literati nan divès lise atravè depatman Grandans lan, swete gouvenman an plas la asime responsablite li, yon fason pou elèv lekòl piblik yo nan Grandans pa pèdi ane akademik 2024 – 2025 lan.






