Sou tèm yon pèp, yon Konstitisyon ak bonjan refòm enstitisyonèl, 2 jounen asiz konferans nasyonal lan klotire klotire nan Grandans peyi a

329
2
Share:
TRiboLAND

02 – 09 – 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè 2 jounen bwase lide ak reprezantan divès sektè yo, kite sòti atravè 14 komin depatman Grandans lan, manm komite pilotaj konferans nasyonal lan, mete fen yè jedi 06 fevriye 2025 lan nan 2 jounen bwase lide sou refòm ou pase men nan Manman La peyi a (Asiz Nasyonal).

Ansanm sektè oganize sa yo ki te divize an diferan group, te travay sou diferan tematik ak sijè ki te vize devlopman ak modènizasyon sosyete ayisyènn lan.

Apa revandikasyon sektè fanm yo, sou kesyon kota a ak fason yo te fè chwa fasilitatè yo nan kad travay atelye yo; obsèvasyon yo te montre ke aktivite yo an grot e fini san gran ensidan majè.  Ansyen minis edikasyon nasyonal la, pwofesè Charles Tardieu ki tap pran lapawòl, nan deklarasyon li pou klotire aktivite yo, te mete aksan sou devlopman, enfwastrikti agrikòl, edikasyon ak desantralizasyon.

Share:

2 comments

Leave a reply