Aprè 10 lane grate santi, Pòdpè dwe leve kanpe pou konbat salte, enkonpetans ak kòripsyon.

461
1
Share:
TRiboLAND

01 – 23 – 2025

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Nan dat ki te 20 janvye 2025, nan yon konferans ki te limite sèlman pou medya ki sipòte ansyen prizonye prizon sivil Pòdpè a, majistra konteste ou enkapab vil Pòdpè a, Josué Alusma, nan yon stil tèt anba ou repinyan ki pa genyen ni anwo ni anba, te tante esplike yon absans 8 mwà depi ke li te abandone minisipalite ke li sawdizan tap dirije a pandan plis pase 9 lane.

Tankou li abitye fè li sou gouvènman Michel Martelly a, Jovenel Moise, ak Ariel Henry; fè rekondwi li non sèlman avèk podeven, jès finansyè delwayàl, men tou sou baz pou enpoze an echanj baz ou mouvman politik lidè anjandre sila yo nan minisipalite ke l’ap dirije a. Nap raple nou aprè anpil malvèsasyon, aksyon delwayal ak ak estati pwezime asasen nan lanmò dezyèm majistra vil Pòdpè a, regrete memwà Tony Vernio, Josué Alusma ki te pase yon bon bout tan nan mawon, te retounen manu militari avèk sipò politichyen raketè sou Jovenel Moise ki, aprè anpil dega ak deblozaj nan vil Pòdpè, ta pral li menm rekondwi yon lòt fwa ankò Josué Alusma.

Kidonk, aprè anpil kontestasyon ak gabji, kòripsyon ak byen Leta, eksè zèl sou sitwayen yo, jesyon endezirab ki transfòme minisipalite vil Pòdpè a an yon veritab kavènn malfektè vwayou, ki pa menm genyen abilite pou menm jere yo katye; e ki pase 10 lane ap gagote nan demagoji ak enpidisite nan figi yon popilasyon kap naje nan salte ak fatra; li absoliman enposib pou malfektè ou politichyen kriminèl kontinye ap fè lajan nan vann pòs e kontinye ap kontribye alimante mizè popilasyon yo nan pran plezi plase katèl voryen tout koulè nan tèt minisipalite yo.

Aprè 10 lane, pwèske 3 manda ki pase nan gagotay, deblozaj ak agoni, kòman pou yon KPT, gouvènman Alix Fils-Aimé nan konplisite ak pati raketè “Pitit Desalinn”, ta asèpte imoralman rekondwi ou enpoze pou yon 4èm fwa, yon parèy enpostè endezirad, pongongon enkonpetan ki kontinye ap pote malè pou vil Pòdpè ki deja ap disparèt nan tout nivo.

Antouka, plis ke jamè, vil Pòdpè dwe fwa sa, trouse ponyèt li pou fè enpòt ki sa sa kapab koute, pou voye yon mesaj klè bay konplis raketè yo, tankou KPT, Alix Fils-Aimé ak Pitit Desalinn; fè yo konnen ke yo detèmine “ke yo pap pran yon malfektè ou kòwonpi pichon nan tèt minisipalite Pòdpè a ankò. Aprè 10 lane salte ak kòripsyon e grate santi, pa genyen plas pou yon 4èm manda ankò. Se pa konplis sa yo ki mèt vil Pòdpè! Pòdpe gen moun!

Kidonk, manifestasyon ou dezobeyisans sivil dwe deklentche pasifikman san rete (24 sou 24) dèyè tout konplise kòwonpi ki kontinye kenbe Nòdwès an agoni. Manifestasyon pa kapab vize sèlman Josué Alusma san panse denonse zak briganday CPT a, gouvènman Fils-Aimé a, pati Pitit Desalinn ak ajan BSAP ak polisye avèg ki prefere jistifye zak malonèt Josué Alusma yo pandan 10 lane nan komin Pòdpè.

Share:

1 comment

Leave a reply