Vil Pòdpè kanpe ankwa pou majistra enpostè Josué Alusma pa rekondwi nan tèt meri a pou yon katriyèm fwa

454
0
Share:
TRiboLAND

01 – 19 – 2025

Podpè, Ayiti_______(TRiboLAND) Sa pweske genyen plis ke yon lane depi ke popilasyon pòdepezyèn nan te rele chalbarik dèyè majistra enpostè Josué Alusma kòm endezirab. Depi tan sa, dirijan vwayou a, pran yon malen plezi mete operasyonalizasyon minisipalite a sou mòd “remote control” e kite dèyè yon seri deriv san presedan ki rekile jesyon vil Pòdpè plis pase yon demi syèk an aryè.

Fas ak yon evantyèl retou yon parèy sangwen, ki deja mete anpil dlo nan je popilasyon an, san konte ramifikasyon li nan yon seri zak delwayal ou kriminèl, FNOU ak Alye lanse yon gwo manifestasyon lendi demen 20 janvye 2025 lan, pou eksprime mekontantman yo kont retou yon parèy enpostè Ajan Egzekitif Enterimè Meri Pòdpè a, Josué Alusma ki deja genyen yon lane depi li abandone minisipalite a.

Antouka, katèl pongongon sila, ki deja fè popilasyon site Kapwa Lamò moute ma swife tout kalite pandan plis pase 3 mande salte, kòripsyon, gagotaj ak siwotaj nan byen Leta, abi otorite, ramifikasyon bandi, enkonpetans ak abarasman sosyàl, pa kapab, sou oken fòm pa kapab retounen nan figi popilasyon viktim nan ankò. Pou anpil kritik, Josué Alusma depanse anpil gro magogo pou achte pòs sila nan men swadizan otorite vòlè nan Pòtopwens; pouvwa gang PHTK (Plonje Hayiti Tou Kanpe) rekondwi li e enpoze li nan minisipalite a, 2 fwa deja, malgre salte ak zak kriminèl ke li komèt nan komin Pòdpè. Kidonk, popilasyon an, plis ke detèmine, yon danje sosyàl parèy, pa kapab retounen nan figi moun ankò, menm nan dòmi.

Nap raple, yon evantyèl retou majistra enpostè ou endezirab Josué Alusma nan tèt meri Pòdpè a, ta genyen anpil pou wè avèk yon “deal” ki fèt ak yon seri raketè gouvènman A. Fils-Aimée a delegue pou chak depatman nan kad rekondwi ou ranplase Ajan Egzekitif Enterimè yo atravè repiblik la.

Nou vle rabat pou nou di, ekip Katèl sankoutcha sa a, ki fè vil Pòdpè anpil tò ki pa kapab repare, pa jamè swete viv yon parèy galimatcha administratif jenaralize ankò. Nan sans sa, yo fè apèl ak tout pitit Pòdpè pou voye yon sinyàl klè bay otorite KPT yo ak tout gouvènman A. Fils-Aimé a pou pwosede ak yon chanjman katèl ki genyen reprezantasyon, transparans, konpetans ki kapab delivre e reje bònn jesyon ak sekirite vil Pòdpè san kòripsyon.

Aprè plis pase 10 lane kòripsyon ak deriv tout kalite, li lè li tan pou ansyen detni prizon sivil Pòdpè retire’l nan figi moun ak tout akolit li yo ki piye tout sa ki genyen kòm byen Leta Ayisyen nan komin nan. Li lè li tan egalman, pou genyen yon odit serye ki fèt sou tout manm katèl ki pase nan tèt meri a, kòmanse sou rejim kriminèl PHTK a, rive sou (KPT) rejim tranzisyonèl aktyèl la.

Share:

Leave a reply