Fòs sekirite Grandans yo mete dòmi nan je chèf gang Ti Kenken.

10 – 09 – 2024
Desomo, Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon douvanjou, ajan PNH yo nan depatman Grandans peyi Dayiti, arive mete maten mèkredi a, dòmi nan je chèf gang sangwen, Wilgen Saint Louis alyas Ti Kenken.
Operasyon PNH la, te patrouye tout zòn seksyon kominal Desòmo, aprè plizyè rapò ak plent ki te depoze kont gro koure Ti Kenken ak yonlòt bandi reselè ki pote non Roudy ki tap fè lapli ak botan nan mitan popilasyon sivil la.
Konsa, chèf lòd yo arive mete do Ti Kenken atè aprè boukantaj kout zam; yon zam latwoublay kalbi 9mm arive sezi. Nap raple, sa pa genyen lontan depi ke Ti Kenken te anonse popilasyon an ke li te divòse ak mouvman gang lan e prezante bay laprès 3 zam, sou pretèks li tap chèche fè lapè ak lokalite a.







Lapolis dwe kontinye byen fè travay li.
Fondation Triboland Mombin-Crochu