Yon chofè kamyon trailer resevwa yon katouch nan je dwat li sou waf Tigwav la.

09 – 20 – 2024
Tigwav, Ayiti ______(TRiboLAND) Jean Rodrigue Jean Louis, se non yon chofè kamyon trailer ki resevwa yon katouch nan je dwat li, jounen vandredi 20 septanm 2024 la, sou waf Tigwav la.
Aksyon sa a rive, se nan moman yon foul moun tap franchi baryè prensipal waf la pou al moute bato pou direksyon Pòtoprens epi ajan sekirite APN yo reklame 500 goud pou chak tèt moun yon fason pou yo genyen aksè rantre sou waf la.
Dapwè pwotestatè yo, pwopriyetè bato a, mesye Carolly pa reklame lajan pou yo moute Pòtoprens. Nan sans sa a, diskisyon katchou boumbe ta pral eklate antre yo. Yon ajan sekirite ki rele Sonson rale zam li, tire sou foul la; konsa, Jean Rodrigue Jean Louis resevwa yon bal nan je dwat li.
Chofè kamyon trailer a Jean Rodrigue Jean Louis ki se papa 4 timoun twouve li ak je dwat li pete. Selon dènye revelasyon medikal, Jean Louis pap kapab travay ankò. Kidonk, li reklame jistis ak reparasyon fas ak bouwo ajan sekirite Sonson ki pete je li ak yon katouch kalib 12.







Sa tris wi.
Triboland Mombin-Crochu
Nap vanse
TRIBOLAND latòti fonkiyèz
Peyi sa spesyal wi
Tribolend port de paix MST
Peyi espesyal
Triboland port de paix MST