Divès agwonòm nan tèt kole ak peyizan yo tanmen yon kanpay plantasyon kakawo nan 5èm seksyon kominal Tigwav.

505
5
Share:
TRiboLAND

09 – 18 – 2024

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès agwonòm dekonsè ak peyizan ki soti nan plizyè abitasyon tanmen yon kanpay plantasyon kakawo jounen mèkredi 18 septanm 2024 la, nan 5èm seksyon kominal Twou Kanari, Tigwav.

Dapwè agwonòm yo, inityativ sila, ap byen pase; li fèt nan lide pou remete kanpe kilti kakawo a yo estime ki fi ‘n disparèt nan milye peyizan yo. Pwofesyonèl  ou teknisyen agwikòl yo deklare ke kilti kakawo a, te kon’ n jwe yon wòl kapital nan lavi ekonomik peyizan yo, pandan yo presize pwodiksyon kakawo a, se te kanè bank peyizan yo.


Dapwè yon seri gwo potanta agwonòm, kakawo a te tèlman enpòtan pou pèp ayisyen nan tan pase yo, peyi Dayiti te kon ‘n ekspòte plizyè milye tòn kakawo nan yon mwa nan plizyè peyi lòt bò dlo tankou Angletè.

Toutfwa, avan kanpay plantasyon kakawo a, agwonòm yo te fè edikasyon plantè peyizan yo, sou bòn jesyon kilti kakawo nan 5èm seksyon kominal Tigwav.

Share:

5 comments

Leave a reply