Konstriksyon batiman pou loje lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl la kanpe, depi aprè lanmò Eric Jean-Baptiste

421
0
Share:
TRiboLAND


09 – 11 – 2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Konstriksyon batiman pou loje lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl lan kanpe depi aprè lanmò Eric Jean-Baptiste, ki te lanse yon parèy pwojè, yon fason pou te elaji ou ranfòse etid inivèsitè anndan peyi a. Erick Jean Baptiste te lanse pwojè sila nan lane 2022; yon travay ki kanpe depi aprè asasinay  òmdafè filantwopis la nan lane 2023.

Daprè @JacmelInfo, pwojè konstriksyon Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Jakmèl la, a 80% acheve; sepandan pitit Eric Jean-Baptiste yo pa deside kontinye finanse pwojè a. 20% ki rete a, se travay pou fin acheve konstriksyon an, epi remèt kle a bay responsab yo.

Nan yon piblikasyon Medya lokal la fè, yo lanse inisyativ pou mande moun ki gen bòn volonte pou pote kole, yon fason pou pèmèt fakilte a fonksyone nan espas la pou ane 2024 – 2025 lan.

Divès moun tou pa mete dlo nan bouch pou takle byen fò, Administrasyon lekòl Dwa a, ak dirijan yo nan pi wo nivo Leta ki pa fè oken demach pou fin acheve yon parèy espas edikasyonèl.

Share:

Leave a reply