Plizyè sitwayen soti Wanament pou manifeste devan lopital komin Fòlibète a

408
1
Share:
TRiboLAND


09 – 06 – 2024

Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Pwoblèm sante nan depatman Nòdès, divès sitwayen soti Wanament aprè midi jedi 05 septanm lan pou vin manifeste devan lopital komin Fòlibète a. Lanmò Medsen Paul Roosel leve plim sou do divès sitwayen pou egzije responsab yo mete materyèl yon fason pou evite yon lòt ka konsa repete. Pwotestatè yo mande revokasyon Direktris enstitisyon an,  Decom ki pap byen jere lopital la.

Frantz Mitho mande tout otorite yo nan depatman Nòdès la pou ba yo kowòm nan batay sa, si yon Medsen ka rive mouri pou akoz pwoblèm oksijèn, demen se pral yo menm nan popilasyon an kap mouri pou bagay ki pi lejè oubyen menm yon konprime.

Mouvman pwotestasyon sa yo tanmen lajounen tankou lannwit pou mande mouche Leta vire gade Direksyon Sanitè Nòdès (DSN) kap konnen divès pwoblèm depi yon bon bout tan.

Pwotestatè yo fini pou di si otorite yo ak responsab lopital la pa tande rezon, apati jodi vandredi 06 septanm lan ,se pral nan plan b yo pral pase pou bay mouvman an yon lòt vitès.

Share:

1 comment

Leave a reply