2 prezime bandi remèt zam nan Grandans

08 – 29 – 2024
Grandans, Ayiti ______(TRiboLAND) Roudy Mortimer ak Kenson Saint Louis se non 2 prezime bandi ki remèt zam yo te genyen bay sitwayen Schiller, nan zòn Dezòmo ki trouve-l nan depatman Grandans. Yo remèt yon 38, yon 9 milimèt ak yon wouzi. Prezime bandi yo avwe yo te konn batay ak lòt group teworis ki konn anfas yo epi touye yo
Endividi sa yo ki te gen divès akizasyon ki tonbe sou do yo; yo abitye patisipe nan divès zak malonèt deside fè lapè pou yo ka viv alèz. Daprè entèvansyon Schiller nan moman li tap resevwa zam yo, li di: m resevwa zam sa yo nan non popilasyon an, batay pou konbat bandi nan zòn lan pap kanpe. Schiller kontinye pwofite envite tout moun nan fèt patwonal Dam Mari ki gen pou rive la, paske zòn lan sef.
Depi plizyè jou, maryaj popilasyon an ak lapolis kontinye ap bay rezilta nan depatman Grandans lan. Divès bandi deja pran bwa kale, kanta pou sa yo, yo oblije remèt zam pou evite pase anba vag popilasyon an.
Divès moun malgre sa ta swete mesye sa yo reponn kesyon lajistis!






