2 prezime bandi pran bwa kale nan komin Mafran

08 – 19 – 2024
Mafran, Ayiti ______(TRiboLAND) 2 prezime pran bwa kale nan zòn Frach ki trouve-l nan komin Mafran jodi dimanch 19 dawout 2024 la, prezime bandi sa yo chape pou-l yo soti nan komin Anzdèno aprè popilasyon an te lage koukouwouj dèyè yo. Popilasyon an ki pap dòmi mete men sou yo, rache yo epi mete dife sou yo.
Moun nan depatman Grandans dekrete pèmanans nan enskri bandi nan pwogram bwa kale la, soti premye pou rive jodi dimanch 19 dawout la, sa fè pou pi piti 25 prezime bandi tonbe nan plizyè rejyon tankou : Anzdèno, Chanbelan ak Mafran.
Nou bouke viv ak bandi, se deklarasyon divès moun nan depatman Grandans la. Popilasyon an fè yon maryaj ak Lapolis pou fè depatman an tounen simityè pou tout malfwa ki vle vin simen latroublay nan Grandans.







bnjou dg loulou
Triboland latortue
Mw felisite moun latortue ki toujou swiv media TRIBOLAND lan
Triboland latortue