Taba : Plizyè prezime bandi sangwen mòtèlman blese nan zòn Kafou Rita

08 – 16 – 2024
Taba, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè endividi mòtèlman blese aswè jedi 15 dawout 2024 la, nan zòn Kafou Rita nan kad yon operasyon polisyè. Pami moun ki tonbe yo, genyen Cassales Blanco alyas gwo Fanfan yon evade prizon ki pran nan miskad.
Lapolis te arete Cassales Blanco nan lane 2024 akoz akwentans li ak baz 400 Mawozo, daprè fòs lòd yo, li se youn nan moun ki konn fasilite bandi yo jwenn zam ak minisyon pou teworize popilasyon an.
Nan kad operasyon sila, gen plizyè polisye sangwen ki nan kònivans ak gang 400 Mawozo ki tonbe. Lapolis, ki toujou fè kenbe prezans li nan Kafou Rita nan kad operasyon miskle pou dechouke yon group asasen kap banbile nan yon otèl.
Malgre feblès ki genyen anndan enstitisyon PNH la, plizyè pami yo detèmine pou batay ak bandi san san sal.






Waw Nou remèsye media e Nou felisite goup PNH nan zòn Kafou Pou bon travay yap fè malgre avan u tiye yon gang gen 5 lot ki gentan kanpe ankò dapres mw .
TRIBOLAND latortue
Triboland mont organisé