Anbasad Etazini nan peyi Dayiti deside koupe viza konseye Smith Augustin ak 2 lòt konseye ki ta enplike nan eskandal kòripsyon BNC a.

307
0
Share:
TRiboLAND


07 – 30 – 2024


Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Anbasad Etazini nan peyi Dayiti deside koupe viza konseye prezidansyèl Smith Augustin ak 2 lòt konseye non yo ta enplike nan eskandal kòripsyon avèk prezidan konsèy BNC a, Mesye Raoul Pascal Pierre-Louis.

Selon yon diplomat ameriken nan Pòtoprens, mezi sila yo, vize montre koman Etazini vle ankouraje entegrite ak transparans nan enstitisyon ayisyèn yo.

Toutfwa, Anbasad amerikèn prevwa pran sanksyon egalman kont lòt konseye prezidansyèl ki enplike nan zafè kòripsyon ak prezidan konsèy BNC a ki pa sispann ap boujonnen sou rezo sosyàl yo.

Share:

Leave a reply