Inogirasyon Legliz Baptiste Philadelphie nan Okala, yon estrikti relijyez ki bati nan tèt kole ayisyen

374
0
Share:
TRiboLAND

07 – 18 – 2024

Okala, Florid _____(TRiboLAND) Legliz Baptiste Philadelphie ki trouve-l nan zòn Okala, Florid ap kontinye evre nan preche pawòl BonDye ak kontinye travay pou epanouyisman kominote kretyèn ayisyèn kap lute pou lesyèl.

Legliz Baptiste Philadelphie se yon kongregasyon eklezyastik ki konpoze avèk imigran ayisyen responsab e ki administre anba leadership pastè Jackson Dorvilus ki fè pati vizyonè inisyàl pwojè konstwiksyon legliz la nan Okala.

Pwojè konstwiksyon legliz Philadelphie sila te demare nan lane 2015 pou vin bout nan ane 2024 sa. Li se rezilta sakrifis finansye, enèji e tan ilimite chak manm ki asèpte pote kole nan erije yon espas kongregasyonèl ki dedye pou koz Levanjil. Se yon travay titanik ki prèske pran anviwon yon dizèn lane. Konsa, travay la rive nan bout li avèk anpil siksè e kontantman!

Batiman an ki pa genyen pou li anvye a nenpòt lòt legliz modèn ayisyèn nan Okala, kapab pran depase 150 moun, li chita sou 3 ekta tè, yon sanktyè, yon Fellowship Hall, 3 gwo espas pou edikasyon lekòl dimanch, 2 ofis, yon konpatman sonorizasyon avèk yon laj kantite parking.

Seremoni inogirasyon Tanp Philadelphie prevwa pou dimanch 21 jiyè 2024 nan Okala, Florid, 3è nan aprèmidi. Avan yon parèy sòlòkòtò, yon semèn revèy te tanmen, sòti lendi 15 pou samdi 20 jiyè 2024.

Legliz Baptiste Philadelphie ap kontinye travay nan kad evanjelizasyon ak sosyàl yo yon fason pou pèmèt sila yo ki kwè rive jwenn Granmèt la.

Avèk konkou lapriyè, pa gen anyen ki enposib, daprè pastè Jackson Dorvilus ki rete kwè legliz Baptiste Philadelphie ki chita sou lapriyè ap kontinye evre pou kenbe fidèl li nan bon jan kolaborasyon ak kontinye travay sou plan sosyal pou pote solidarite ak sila yo ki nan difikilte.

Share:

Leave a reply