Elysee Moïse kritike dirijan Pak Nelson Petit Frère yo ki amenaje teren an avan chanpyona vakans yo

387
2
Share:
TRiboLAND


07 – 03 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse a, dirijan Pak Nelson Petit Frère yo pran desizyon pou ouvri chanpyona vakans lan 4 jiyè kap vini la, san yo pa rann kont amelyore kondisyon dezagreyab teren an. Yon teren ki gen tout kalite pwoblèm tankou : salte, andomajman, mal okipe elatriye.

Selon Elysee Moïse, ane pase Pak Nelson antre prèske $ 400 000 a $ 500 000, nan chanpyona vakans lan, epi pou ane sa se minis ak dyaspora pou yap mande lajan pou rezoud pwoblèm teren an.

Kidonk, ta sanble aprè chak chanpyona resèt yo toujou jere ak yon gwoup ti zanmi byen detèmine. Pandan setan teren an ap kraze, machin pou bwose espas la pa bay sèvis depi byen lontan.

Moïse kontinye plede egalman anfavè Pon Tirivyè a ki kraze e ki pa janm repare; konsa, sa okazyone aksidan ap pwodwi chak semèn pandan dirijan yo pa fè anyen pou pwoteje vi popilasyon an.

Share:

2 comments

Leave a reply