Pwokirè federal ameriken yo mande pou chèf gang 400 mawozo a pase tout rès vi li nan prizon.

06 – 18 – 2024
Wachennton, Etazini__(TRiboLAND) Pwokirè federal ameriken yo mande pou chèf gang 400 Mawozo a, Germine Joly, alyas Yonyon pase tout rès vi li nan prizon federal nan peyi Etazini.
Desizyon sa a vini swit aprè ke chèf gang 32 lane a ta va plede koupab kòm moun ki t’ap pratike trafik zam ilegal sòti Etazini pou rantre Ayiti.
Mete sou sa, gouvènman ameriken an dekouvri ke anpil nan zam sa yo achte ak kòb kidnapping ki te fèt sou sitwayen ameriken yo te kidnape nan komin Kwadèboukè ane pase yo.






