Jounalis T Carry Maître Vocal denonse Garry Toussaint kòm dyaspora k’ap finanse plizyè gang nan Ti Bouk Obòy la.

665
0
Share:
TRiboLAND


06 – 13 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti____(TRiboLAND) Jounalis T Carry Maître Vocal nan Kap-ayisyen, denonse ak tout fòs li, Garry Toussaint kòm dyaspora nan peyi Etazini k’ap bay plizyè gang jarèt nan Ti Bouk Obòy nan founi lajan, zam ak minisyon.

Pami gang Garry Toussaint ap soutni yo, jounalis la site non: chèf gang Ti Pòtoprens, Ti Nikodèm alyas Pye Tòtòy, John Pierre, Pa bloke ensikoni, Islen Ensikoni, Jordany, bawon yonn nan gang yo ak ansyen majistra Marcelin Joseph, dapwè jounalis T Carry Maître Vocal.

Endividi sa yo, dapwè enfòmasyon jounalis la, espesyalize yo nan vòlò tè ti peyizan, fouye, kidnape, vyole moun k’ap sòti Pòdpè pou antre Kap-Ayisyen poun site sa yo sèlman.

Pou konbat zak asasinay sa yo, jounalis la mande Lapolis ak Lajistis pou poze lapat sou yon biznis Garry Toussaint genyen nan Ti Bouk Obòy ke li estime k’ap fonksyone ak kòb kidnapping malere malerèz k’ap sòti Pòdpè pou ale nan direksyon Nò peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply