Etidyan yo nan depatman Nip peyi a, fè yon sèl vwa, pou onore Komisè gouvènmen Jean Ernest Muscadin.

255
0
Share:
TRiboLAND


06 – 09 – 2024

Miragwan, Ayiti ___(TRiboLAND) nan objektif pou moutre apwesiyasyon, enòmite ak kalite travay li, etidyan yo nan depatman Nip peyi a, patikilyèman nan komin Miragwan, mete sou pye yon gwo sòlòkòtò kiltirèl pou onore Komisè jiridiksyon an, Jean Ernest Muscadin.

Nan kad aktivite sila ki dewoule sou Plas piblik la, etidyan yo pat kache ekspwime gratitid y oak apwesyasyon key o genyen anvè Mesye Muscadin ki yon protoip ayisyen ke chak komin ou depatman ta dwe genyen.  

Youn nan etidyant ki te pran la pawòl nan okazyon an, nan diskou li nan sikonstans lan, deklare komisè Muscadin, reprezante yon papa, yon sovè, pou yo nan depatman an, li fè konnen si pat genyen yon komnisè Muscadin, yo pa tap konnen ki sen pou yo te yo adrese pa rapò ak dimansyon gang sangwen yo pran nan lòt depatman yo.

Chèf pakè Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin ki tap pran lapawòl pat kache emosyon e kontantman aprè li tef inn resevwa yon plak donè. Li remèsye ansanm etidyan ak elèv yo nan depatman an, ki te pran yon parèy desizyon pou ekspwime gratitid yo anvè li.

Gason kanson ki fè gang fwote bouch atè a, kontinye pou li di, ke li  renouvle volonte ou detèminasyon li pou kontinye travay pou trake bandi yo; li fè konnen, mesaj li yo pa chanje, depi yo mete pwent pye nan depatman, li bay garanti yo pap retounen vivan.

Share:

Leave a reply