Plizyè biwo Moncash nan site Kapwa Lamò a pa sispann kase men ti malere yo pou pran plis kòb ke sa yo ta dwe pran sou retrè yo.

285
0
Share:
TRiboLAND

05 – 19 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Dr. Berly Géneus ap chèche kon chen fou, Jeantilien Onel, yon responsab biwo Moncash ki kase kou manman li nan kad yon tranzaksyon li t’al fè nan biwo li a.

Sepa manmanm sèlman ki viktim, dapwè Dr. Géneus Berly ki fè konnen, li resevwa plizyè screenshot bò kote plizyè sitwayen nan vil Pòdpè ki ta montre ke yo viktim anba men nèg biwo sa yo, kote sou chak retrè yo fè, eskanmòtè yo touche frè retrè yo epi aprè yo pran nan lajan kliyan nan.

Dr Généus ki montre li move kon kong bay yon delè 24è ak Jeantilien Onel ki chita kòl li nan Ri Dikè, Pòdpè kote li anonse mouche a l’ap vin dèyè rès kòb la, paske kòb li se nan fè nwit nan lopital li fèl.

Dr Berly Géneus ki deside bay yon bourad kont malfwa sa yo, anonse ak tout lòt biwo Moncash yo pou yo pran men yo, paske l’ap rive sou yow è pa wè.

Nap raple, se pa sèlman Moncash, yon latriye sèvis transfè mafya pwofite kase kou kliyan yo tou; fè yo mache e moute desann sou pretèks se labank ki fiske montan pou livrezon yo; alòske mafya malonèt sa yo genyen demachè kap travay pou yo anba anba e antre lajan nan favorize lòt moun. ‎

Kriminèl yo pa rann kont lajan ke moun lòt bò dlo deja peye pou transfè a; li oblije peye pou li sou kote nan biwo pou evite plizyè jou ou semen moute desann. Konsa, mafya tout kalite depatcha ti transfè nan men malere kliyan an depi anlè.

Konsa, bank yo, biwo transfè yo, Moncash, Digicel, Natcom e latriye, se yon ekip mafya kap pwofite vilnerabilite Leta a pou kase kou malere!

Share:

Leave a reply