Guy Philippe, chèf revolisyon an asiste gwo defile 18 me nan Pestèl

277
1
Share:
TRiboLAND

 05 – 19 – 2024

Pestèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon elan patriyotik ak aspirasyon revolisyonè, plizyè sèktè nan komin Pestèl komemore 221èm anivèsè drapo ayisyen an, an gran panpan.

Defile, senaryo revi militè, majorèt tout kalite tap makelepa avèk yon posti militè nan mitan yon anbyans mizikal ak chante patriyotik. Anpil moun ki te mase nan sant komin Pestèl, pat kache kontantman yo nan moman yo tap viv yon idantite kiltirèl ke yo te manke lontan. Pami gwo notab komin Pestèl yo ki te orandevou, prezans chèf revolisyon an, Guy Philippe, te trè remakab nan moman li tap pase men sou tèt yon seri timoun.

Ansyen senatè, Guy Philippe ki se yon figi anblematik “Mouvman Revolisyon” an nan peyi Dayiti, te resevwa ochan ou onè militè atravè prestasyon diferan group jènn ki tap antone “Demain la Gloire d’Haiti” e “Debout Jeunesse”.

Anfen, malgre peyi Dayiti ap pran lanm anba kriz tout kalite, sa pa anpeche popilasyon ayisyèn nan, atravè tout peyi a, rete kwè ke ideyo 1804 yo toujou la, e se yon sèl drapo ki ini yo kòm pèp, yon pwototip ki arive kase chènn lesklavaj anba grenn je limanite.

Share:

1 comment

Leave a reply