SPNH 17 mande demisyon DG PNH la, Frantz Elbé nan tèt enstitisyon lapolis la.

288
0
Share:
TRiboLAND


05 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Aprè bandi kriminèl yo fin anvayi komisarya Gresye a, ak lòt zòn nan komin nan, nan lanwit vandredi 10 pou louvri samdi 11 me 2024 la, SPNH 17 mande demisyon direktè jeneral lapolis la (DGPNH) mesye Frantz Elbé pou konplisite li ak gang kriminèl yo, mete sou sa, li pa janm akonpaye polisye ki an danje nan kad travay yo.

SPNH 17 fè konnen DG PNH la, Frantz Elbé ak tout ekip li, reprezante yon gwo menas pou enstitisyon lapolis la, fòk li demisyon wè pa wè nan tèt enstitisyon an.

Toutfwa, SPNH deklare genyen yon ban lòt moun ki boure kapasite ki kapab bay yon kout men nan lapolis la, daprè sa Radio Galaxie ekri sou plaj li.

Share:

Leave a reply