Plizyè sitwayen kite kole men yo ansanm pou netwaye kanal lokalite Latandri an, kritike konpòtman la Mèri kap mande yo gwo kòb pou jete labou ak fatra yo.

346
0
Share:
TRiboLAND

12-18-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou selebre yon nouvèl ane nan pwòpte ak salibrite, plizyè sitwayen nan lokalite Latandri pat ezite lanse yon kotizasyon ki ta pral abouti ak netwayaj kanal lokalite a, e mande ak Mèri Pòdpè vin ranmase labou yo.

San ezite Mèri Pòdpè pat anbarase pou mande sitwayen sila yo lajan pou mete gaz pou vin leve fatra ak labou sa yo. Yon deklarasyon ki leve plim sou do popilasyon an; konsa, sa lakòz yo mande ekip iresponsab Mèri a, kote kòb ki disponib pou sèvis vwari Mèri a?

Li enpòtan pou konnen, ekip mafya ak sangwen Mèri Pòdpè ki kache anba rada ULCC, toujou kontinye ap ransone popilasyon an atravè pòs ranson yo a, alòske tout ti kwen vil Pòdpè sal tankou peny tidan, tèlman fatra ak labou ap taye banda.


Share:

Leave a reply