Kòdonatè kazèk 11ème seksyon kominal Tigwav la Markendson Pierre kite peyi a atravè PIJB a

199
1
Share:
TRiboLAND

08-23-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kòdonatè kazèk 11ème seksyon Ravin Sèch kominal Tigwav la, Markendson Pierre kite peyi a akòz li kalifye nan Pwogram Imanitè Joe Biden nan, se plizyè notab nan kominote a ki konfime enfòmasyon an.

Divès manm nan popilasyon 11èm seksyon kominal la, leve vwa yo nan lide pou mande ministè enteryè  kolektivite tèritoryal pou nome yon komisyon prese-prese yon fason pou asiste popilasyon an, sitou nan moman siklonik lan ak nan peryòd ouvèti lekòl kote peyizan yo bezwen sipò.

Nap siyale, se pa sèlman Kazèk Markendson Pierre ki pati nan pwogram Imanitè Joe Biden nan, se tanzantan enfòmasyon ap sikile genyen ajan ekzekitif enterimè meri yo, anplwaye imigrasyon, DGI, OAVCT, lapolis kap kite peyi a atravè pwogram Imanitè Joe Biden nan.

Nap raple, se yon pwogram ki genyen plizyè peyi kap patisipe ladann tankou: Kiba, Nikaragwa, Ayiti ak Venezwela.

Share:

1 comment

Leave a reply