Pòdpè: Plizyè jèn gason nan Site Kapwa Lamò a, reyaji sou kòb dosye konstriksyon Mache Bodmè a.

294
0
Share:
TRiboLAND

Kote kòb Mache Bodmè a? Se reyaksyon plizyè jèn gason, fas ak ansyen detni nan prizon sivil Pòdpè a, Josué Alusma.

08-09-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jou ale, jou tounen, pawòl monte, pawòl desann, anyen pako janm fèt pou retire ti machann yo anba dra ble nan solèy cho ak nan lapli. Depi anviwon 3 lane, ansyen detni nan prizon sivil Pòdpè a, aktyèl ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, te anonse li genyen nan men li annatandan, 2 milyon goud pou ranje eskanp figi Mache Bodmè a, tèlman moso miray t ap depatcha sot anlè tonbe atè, epi voye ti machann yo lopital.

Pou makiye danje a, ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, fè kraze mache a, epi trase yon vèvè ak 4 poto siman, ki pou jouk jounen jodia pa janm konstwi.

Mekontan ak konpòtman imoral, malonèt, e sangwen ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, san yo pa bliye tout vye aksyon kriminèl li yo, yon gwoup jèn nan Site Kapwa Lamò a, pami yo, Beetho j’aime Haïti, mande ak ansyen detni an, Josué Alusma, ki kote kòb mache bodmè a fè?

Yon kòb pètèt yo estime ki deja fè chimen kwochi, pandan ti machann yo kontinye ap pase mizè nan lapli ak gwo solèy cho. Pou jèn Beethoven, 2 milyon goud la pap pase tankou bèf Seïde la. Li pa nòmal pou se 4 poto sèlman ki plante ak kòb yon parèy pwojè. Fòk nou jwenn esplikasyon. Nou dwe jwenn esplikasyon. Pandan y ap mande ULCC aji vit.

Anpil sous ki fyàb ta konfime, ke se pa pwemye fwa, swa dizan ajan egzekitif Josué Alusma ap fè kout zo sila yo, sou do popilasyon Pòdpè a, ak yon ti klik ki soufwi defayans onètete.

Share:

Leave a reply