Radio Marconi ak Mèt Schmuth Corneille ap fete an gran panpan

07-30-2023
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Dimanch 30 jiyè sa make anivèsè Mèt Schmuth Corneille, anpil moun konnen sou non Rambo. Schmuth se yon avoka nan Bawo Pòdpè a, e alafwà yon jounalis avèk plis pase 25 lane eksperyans depi lap bay kontribisyon li nan vil Pòdpè, depatman Nòdwès peyia.

Mèt Rambo travay kolaboratè divès Media entènasyonal. Li se nimewo 1 asosyasyon jounalis yo nan Nòdwès (AJNO), pwiske li benefisye konfyans jounalis ki fè pati asosyasyon sila nan depatman an kòm Kòdonatè.
Aprè plizyè eksperyans nan divès media nan vil Pòdpè, Mèt Rambo ki se egalman kòdonatè jeneral TRiboLAND Media Network, te pran inisyativ mete sou pye Radio Marconi FM, kap emèt sou 91.5 FM stereyo depi nan lane 2019. Jodia fè Radio Marconi FM egzakteman 4 lane depi lap limen sou kadran an, e bay sèvis nan metwopòl Nòdwès la, ki gen yon kouvèti entènasyonal gras ak entènèt sou “https://onlineradiobox.com/ht/marconi” Marconi se te yon envantè, yon fizisyen ak yon òm dafè. Li te fèt nan lane 1875 nan peyi Itali, li te mouri nan lane 1935 nan vil Ròm. Me Rambo pran li kòm modèl, se paske pèsonaj sila te vrèman enspire-l nan sa li te reyalize pandan pasaj li sou tè a.
Marconi se te yon envantè, yon fizisyen ak yon òm dafè. Li te fèt nan lane 1875 nan peyi Itali, li te mouri nan lane 1935 nan vil Rome. Mèt Rambo pran li kòm modèl, se paske pèsonaj sila te vrèman enspire-l nan sa li te reyalize pandan pasaj li sou tè a.
Antouka, Radio Marconi ap fete menm lè ak Mèt Schmuth Corneille, alòske yo pran nesans menm lè! Nou di Marconi ak tout PDG a “Viv pou lontan”, ke Gran Kreyatè elaji tèritwa yon pitit Pòdpè ki pa bouke mete Nòdwès an valè nan plizyè nivo.






