Lapolis mare tankou krab prezime bandi Jean Robert Jean Louis nan komin Lenbe

07-26-2023
Lenbe, Ayiti____(TRiboLAND) Jean Robert Jean Louis mare tankou krab nan komin Lenbe pou enplikasyon li kòm prezime koupab nan anlèvman ak sasinay polizye Jocelyn, ki te yon ajan UDMO ke yo te jwenn asasine nan dat 5 oktòb 2021, touswit aprè yo te fin kidnape li nan komin Lenbe.
Jean Robert Jean Louis ki se moun Obòy, se manb gang kap opera anba direksyon group gang “Ti Pòtiprens”, Lapolis tap chèche tankou chen fou.
Daprè deklarasyon Lapolis la, JRJL gen divès zak sou do-l, tankou: asasina ak boule kay moun. Nan moman arestasyon Jean Robert, Lapolis jwenn an posesyon li, yon dizèn telefòn, yon invètè ak plizyè lòt materyèl.






