Pou make 100 ane ekzistans lopital Sent Antwènn, divès aktivite realize nan vil Jeremi.

206
0
Share:
TRiboLAND

07-08- 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) 7 jiyè 1923, 7 jiyè 2023, sa fè 100 lane depi ke lopital Sent Antwànn jeremi an sèvis. Pou make yon parèy santenè, responsab sante yo, te òganize divès aktivite, tankou chanpyona foutbòll ensttiisyonèl, sware mizikal, raf, klinik mobil anvan dat 7 jiyè.

Objektif aktivite sila yo, se te fasilite responsab yo antre kichoy ekonomik pou fasilite acha materyèl ak ekipman ki kapab rann fonksyonèl administrasyon lopital la.

 Jounen vandredi 7 jiyè 2023 a, te make egalman prezans yon delegasyon ministeryèl, ki te genyen ladan li, doktè Ely Celestin, doktè Gaston Delonchi, doktè Marcel Chevalier, doktè Irma Bois, 2 kad anbasad ameriken, seksyon CDC, plis otorite etatik, manm sosyete sivil lan, ak  patenè ONG, yo tout te la, nan gwo sòlòkòtò sa.

Yon mès solanèlte òganize nan okazyon an, ak patisipasyon tout manm klèje a ki konpoze dyosèz Jeremi an, ki genyen nan tèt li, Evèk Joseph Gontran Decòs. Nan romeli okazyon an, li te montre enpòtans lasante pou pèp Bondye a nan Jeremi kou nan res komin depatman an. Konsa, lidè eklezyastik la, mande leta pou ranfòse kapasite sèvis yo, jis pou lopital la ta retounen nan nivo lopital inivèsitè.

Moun te kapab remake prezans ansyen senate Grandans lan, Sorel Yassainthe nan seremoni komemorativ santenè lopital Sent Antwànn nan.

Share:

Leave a reply