Aktivite latè tranble kontinye ap sekwe depatman Grandans peyi Dayiti

06-17-2023
Grandans, Ayiti- (TRiboLAND) Grandans kontinye ap pran fwa latranblad. Li te vè 7:12 maten samedi 17 jen 2023 a, popilasyon an anrejistre pou yon ènyèm fwa yon gwoudou gwoudou ki mezire 3.70 sou Echèl Richtè a. Ekspè USGS yo, ki regle kesyon tranblemantè, te lokalize episant lan nan zòn Kafou Gro Chodyè a kèlke kilomèt vil Jeremi.

Rakle matinal sila, kreye anpil panik maten an, patikilyèman nan vil Jeremi, kote sekous lakilbit la, te oblije anpil moun kouri kite lakay yo pou yon lòt espas adaptab. Aktivite sekous yo ta sanble ap pèsiste pou tout bon nan Grandans peyi a. pou ekspè yo, sitwayen yo pral oblije asepte li, pou sa li ye a; sof ke, se pare pou yo pare!
Popilasyon Grandans lan, ap vinn trè “psychosomatic”; yo anba anpil panik chak fwa yon seri epizòd manifeste nan depatman an. Sa ki pi rèd, genyen yon pakèt sekèl ou sikatris yon seri gwoudou gwoudou ke yo poko janm nòmalize nan kotidyen yo. Konsa, se djak sou djak! Fwap sou fwap! Pou nou repete aprè Enjenyè Gewolòk Claude Preptit, “Se pare pou nou pare”!
Gwoudou gwoudou maten 17 jen 2023 a, kreye anpil panik, tèt vire ak tranble janm. Sepandan, pa genyen dega an tèm lavi moun ak dega materyèl. Kidonk, anpil sitwayen reyalize, se lè ki pi enpòtan pou responsab yo nan Leta fasilite bonjan pwogram entèvansyon sikolojik pou ede sa yo ki estrese ou paranòyik.






