2 moun mouri tchatke anba kout manchèt nan Fòlibète

247
0
Share:
TRiboLAND

05-30-2023

Fòlibète, Ayiti ____(TRiboLAND) Petrus Dorisma e Levens Bernard se non 2 sitwayen popilasyon nan zòn Sika ak ri Absalon, leve jwenn asasinen anba kout manchèt maten madi 30 me 2023 a.

Sitwayen sila yo ta jwenn lanmò yo, kèk èdtan aprè yo ta sot patisipe nan veye Magdala Joseph , lendi 30 me 2023 a.

Selon Seksyon Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ),  te deja gen yon manda lajistis te bay pou arete Petrus Dorisma ak Levens Bernard pou vòlè bèf.

Nap souliye pou lektè yo, zèfèyis sila yo abitye anba kòd pou zak briganday nan vòlè bèf. Pandan nap souliye SDPJ anonse yo deja louvri yon ankèt pou detèmine konplis ak otè krim sila.



Share:

Leave a reply