Nan okazyon fèt manman yo, yon pwogram kiltirèl òganize sou Plaj Trankil Dèzamoure dimanch 28 me 2023 a.

215
0
Share:
TRiboLAND

05-28-2023

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Pou selebre Fèt Manman yo, yon pwogram kiltirèl òganize nan lokal Trankil Dèzamoure ki se youn nan plaj ki mye plase nan lokalite site Siyon.

Nan pwogram sa a, tout timoun te akonpaye manman yo. Anpil nan yo te pote kado pandan yo tap anbrase manman yo pou di : “Bòn Fèt Manman”. Genyen nan ti inosan sa yo ki te menm arive chante, danse e menm delivre poyezi pou chame e fè kè manman yo kontan .

Daprè paran yo, se pi bèl fèt ke yo pa janm konnen nan komin nan. Se yon trè bèl inisyativ ki kapab aprann timoun yo renmen manman yo plis pase avan, e genyen yon minimòm respè pou paran yo, daprè kèk refleksyon parantal.

Yo fèlisite tout moun ki te panse ak bèl fèt sila, e yo mande pou aktivite sa kontinye chak ane.



Share:

Leave a reply