Timachan’n yo nan Tigwav denonse fenomèn lavi chè a nan okasyon fèt paskal la

196
0
Share:
TRiboLAND

04-07-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Timachan’n yo nan Gran Mache Kominal Tigwav la, pa mete dlo nan bouche yo, pou denonse fenomèn lavi chè a, nan yon mikwo totwaTRiboLAND reyalize jounen jodia nan Tigwav nan okazyon fèt paskal la.

Ti komèsan detayan yo, esplike se avèk anpil difikilte yo al achte marchandiz yo, se pandan lè yo resi fin vann, pou yo al reachte, yo pa jwen lajan akòz yo pa vann; lajan ameriken ap pilonnen goud la, yap peye bandi ak zam nan Matisan mete sou sa, se chak jou yap ogmante pri pwodwi yo sou mache nasyonal la.

Ti revandè yo ki presize, lavi chè a tèlman ap maltrete kliyan yo, yo vini nan mache se vre, yo bay pri men yo pa kapab achte akoz lajan ki pasikile.

An definitiv, Timachan’n yo mande Ariel Henry an, pou rezoud problèm ensekirite a;pou yo menm, ensekirite a se youn nan faktè ki lakoz pri pwodwi premye nesesite yo ap moute chak jou ki pase epi fè tout sa ki nan efò yo pou bese lavi chè a nan peyi a.

JOICY Arnold

Share:

Leave a reply