Yon dezyèm komèsan mouri anba bal bandi sangwen nan vil Okay

03-26-2023
Okay, Ayiti ______(TRiboLAND) Krim sou krim, san pran souf chak minit nan peyi Dayiti! Endividi pèsòn pa rive idantifye sou motosiklèt krible anba bal, antreprenè Lony Trantuis jodi dimanch aprèmidi 26 mas 2023 a nan Okay, zòn Chapantye.
Entreprenè a ki tap opere nan domèn provizyon alimantè, mouri a 33 lane, tou prè Otèl L’Amitié nan vil Okay, aprè bandi yo tap bay kontròl nan moman li te apènn kite mache a pou direksyon lakay li, daprè yon seri temwen.
Zak Asasinay sa pwodwi, 4 jou aprè bandi sangwen te krible yon lòt antreprenè ki pote non Tharte Murat nan zòn Boulva 4 Chemen nan vil Okay.






