Abitan Awondisman Molsennikola yo ap konnen lavi difisil nan monte Pòdpè pou vin fè Paspò.

175
0
Share:
TRiboLAND

Sòti nan 4 komin nan Ba Nòdwès, pou vin retire yon paspò nan site Kapwa Lamò a, se yon maswife san parèy, pou repete Jean Alix, yon natif natal nan Bèdeyèn.

02-17-2023

Bèdeyèn, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon entèvansyon nan emisyon “Ann Pale Peyi” sou ond Radyo Televizyon Arnold ki emèt sou frekans 88.1, Jean Alix, yon natif nan Bèdeyèn denonse otorite yo nan nivo imigrasyon Nòdwès, epi li fè konnen, pou yon moun sòti Jan-Rabèl, Bonbadopolis, Bèdeyèn ak Molsennikola pou akizisyon yon paspò nan vil Pòdpè, se yon veritab kochma!.

Pou Jean Alix, yon sèmen dòmi leve anba tonèl imigrasyon an, pa sifi pou arive fè yon paspò. Pou sitwayen an, raketè fè dap piyanp sou imigrasyon Nòdwès la, lè li konsidere pou retire yon paspò fòk ou ta genyen pou pipiti 60 mil goud, alòske yon tenb paspò ap vann 8000goud plis 2750goud pou frè paspò a.

Yon lòt bò, li soulinye egalman, gwo magogo yo resevwa nan men yo lè pou yo ta dòmi nan lokal imigrasyon an, sa ki ta fè anpil moun kwè ke konplès administrativ ki loje batiman Leta yo tounen yon otèl.

Plede anfavè yon anèks nan Awondisman Molsennikola, Jean Alix fè konnen se moun menm jan ak tout lòt moun andedan peyi a yo ye; gouvènman defakto Ariel Henry a dwe san pèdi tan, aji vit, yon mannyè pou yo kapab retire paspò yo, kise yon senp pyès idantite.

Share:

Leave a reply