Plizyè jèn lidè remèt yon petisyon bay Méri Wanament nan lide pou pwoteste kont òganizasyon Kanaval 2023 a.

02-08-2023
Wananment, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou responsab politik RDNP a nan depatman Nòdès la bay laprès jounen 8 fevriye 2023 a, Waldeck Marcelin bay divès rezon ki pèmèt li menm avèk plizyè jèn lidè avize deside siyen epi remèt yon petisyon bay Meri Wanament lan pou montre dezakò yo ak òganizasyon kanaval la nan komin nan.
Responsab RDNP yo nan depatman Nòdès la, ki se responsab Mouvman Sitwayen Konsyan nan Wanament, fè konnen gen divès lòt bagay ki tap itil Wanament avèk kòb kanaval sila a, tankou netwaye vil la ak divès lòt bezwen ijan.
Deja, gen anpil divizyon nan mitan lidè politik yo nan Wananment akòz kanaval sila a, kote plizyè nan yo wè afè kanaval la pa posib nan Wananment; poun site deja pawòl animatè vedèt “Radyo Wana Vizyon” ak “Black Son Love” ki deklare ke vil la poko pare pou kanaval.
Jiska prezan, komite kanaval la toujou tèt dwat nan bay jarèt mouvman kanavacl la, malgre tout kritik ki gen yo; alòske vil Wanament lan toujou rete sal tankou peny tidan depi nan rantre vil la rive jous lòt bò lizyè.
Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com






