Sekretarya Sena repiblik la mande pou ansyen Senatè yo remèt tout materyèl ki rele Sena a chèmèt chèmètrès

338
0
Share:
TRiboLAND

01-11-2023

Pòtoprens, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon nòt Sekreta adjwen afè administratif Sena a mete deyò madi ki te 10 janvye 2023, li salye depa ansyen palmantè yo, e raple yo obligasyon ke yo genyen pou retounen tout materyèl ke yo te genyen anba men yo jiska fen manda yo.

SGAAA mande ansyen Senatè yo, remèt tout byen Sena nan Direksyon Resous Materyèl ak lojistik la, pa pi ta vandredi kap 13 janvye 2023. Pou fasilite yo fè sa rapid, Direksyon Resous Materyèl ak lojistik la, ap mete plizyè chofè ak pasaje disponib pou sa.

Donald Justin, ki se Sekretè jeneral adjwen afè administratif Sena a konte sou konpreyansyon ansyen Senatè kap pèmèt materyèl yo antre pou kontinye sèvi Palman an.

Nap raple nan moman sa, peyi Dayiti pa gen oken eli nan moman aprè depa tyè Sena a ki te gen nan tèt li Joseph Lambert kòm Prezidan ki pat ka angaje peyia nan anyen pandan 2 lane.

Share:

Leave a reply