Pòdpè : Arestasyon ansyen komisè gouvènman a.i, Mèt Michelet Virgile

199
0
Share:
TRiboLAND

07-12-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè Direksyon Depatmantal Polis Nòdwès la fin remèt Direksyon Depatmantal Ladwann Pòdpè a yon sètifika “Onè ak Merit” pou kokenchen sezi ke yo te fè sou yon gro kagezon minisyon ak zam; Lapolis pat pran tan pou prosede ak arestasyon ansyen komisè gouvènman a.i a, Mèt Michelet Virgile jodi madi 12 jiyè 2022 a.

Michelet Virgile ki te apenn sot jwen revokasyon li nan mitan yon pakèt kontrovès ak move regleman administrative nan libere 2 konsène nan zafè komès zam nan site Kapwà Lamò a, trouve li koulya anba men fòs lòd yo selon enstriksyon DCPJ atravè Biwo Afè Finansyè ak Ekonomi (BAFE) pou swit nesesè ou legal.

Genyen anpil posiblite pou Yon antre nan yon ti bout tan ak konsène a nan kapital la, Pòtoprens. Se yon viritab enfo ki lage gro kouri ak konprès sou tèt ak plizyè sispèk ki ta genyen pou wè ak aktivite komès zam nan depatman Nòdwès.

Share:

Leave a reply