Nòdwès: aksidan sikilasyon nan Senlwidinò

161
0
Share:
TRiboLAND

06-20-2022
.
Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon pwodwi jodi lendi 20 jwen 2022 a sou Mòn Dègranj, 3èm seksyon komin Senlwidinò ant yon kamyon pwalou ak yon pickup.

Selon kèk temwen okilè, yon pickup koulè krèm, imatrikile TP 82 022, ki asire trajè Pòdpè – Senlwidinò arive fè kolizyon ak kamyon pwalou koulè wouj. Sa rive nan moman pickup la tap soti dèyè yon lòt machinn ki te estasyone sou wout la.

Se konsa, pa genyen moun ki arive pèdi vi yo; sepandan, yo te kouri lopital ak divès blese.

Popilasyon an lage tout responsablite a sou absans sèvis sikilasyon ki pa regularize e ki okazyone aksidan pa janm bouke fèt tanzantan sou wout Senlwidinò a.

Share:

Leave a reply