Pòdpè –  Ensekirite : Yon jenn gason mouri ak katouch nan Lakoup

139
0
Share:
TRiboLAND

06-02-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon jenn gason mouri anba katouch mèkredi premye jwen an nan Lakoup, yon katye rezidansèl nan vil Pòdpè vè 10è 30 nan aswè.

Selon detay Jij Paul Blanc aprè konsta legal yo, jenn gason sila rele Yves Doreus, 25 lane. Viktim nan, kise yon chofè moto, pran 2 projektil. Youn bò kou ak youn nan zye goch, Jij la te bay paran viktim lan ki te la otorizasyon pou leve kò a mete nan yon mòg nan site Kapwà Lamò a.

Anfen, toujou selon Jij Paul Blanc; malfektè yo pa ale ak moto a; sepandan, genyen endis ki ta montre ke te genyen moun ki tap swiv moto viktim nan.

Hodner Fanuance, TRiboLAND

Share:

Leave a reply