Nominasyon yon nouvo Komisè gouvènman nan Pòdpè

02/12/2022
Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon lèt ki date yè vandredi 11 fevriye 2022 a, minis jistis gouvènman defakto Ariel Henry a, Me Berto Dorcé deklare ke l fè chwa Mèt Virgile Michelet kòm nouvo Komisè Gouvenman a.i. pou tribinal pwemye enstans Pòdpè a.
Li enpòtan pou konnen chanjman sa a rive pwodui aprè yon vag protestasyon avoka bawo Pòdpè yo te rive fèt pou ta denonse yon seri pwatik raketè, zak imoralite, kòripsyon, po deven ak liberasyon ilegal ki lage nyaj sou konpòtman ak konpetans ansyen komisè gouvènman Pòdpè a, Me. Bellamen Volney Jean.
Ansyen komisè gouvènman pakè pòdpè a, Me. Bellamen Volney Jean pou koulya pèsòn pa konnen kisal devni! Anpil kesyon ap poze pou konnen èske l revoke oubyen li jwenn pwomosyon?






