Patizan ak Senpatizan ansyen prezidan Jovenel Moise nan Nòdwès manifeste yon lòt fwa pou reklame jistis.

172
0
Share:
TRiboLAND

02/07/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) 7 jiyè 2021-7 fevriye 2022, safè 7 mwa depi patizan ak senpatizan defen ansyen prezidan Jovenel Moise nan Nòdwès ap manifeste pou mande jistis.

Yon latriye pannkat ki ekspwime divès revandikasyon tankou : nou bezwen rapid vit lis boujwa ki touye jojo, “aba Boplan kriminèl”, “yo touye papam banm manmanm”, “pèp ayisyen li lè poun idantifye vrè ènmi nou yo”; se pami yon seri slogan pimanbouk ki tap paweze nan diferan kwen nan site Kapwà Lamò a jodi 7 fevriye 2022 a.

Antouka, anpil gwo dout pa sispann sikile nan mitan popilasyon an pou konnen èske ansyen prezidan defen an ap jwenn jistis ou pa?

Genson HYPPOLITE



Share:

Leave a reply