Sa fè dezyèm fwà animatris SOS solitud Caelle E. Jean Baptiste kidnape

171
0
Share:
TRiboLAND

02/06/2022

Pòtopwens_______Radyo Televizyon Karaib pa sispann viktim, si se pa asasinay, afwon, entimidasyon se kidnapping. Caelle E. Jean Baptiste arive kidnape yon lòt fwà ankò sware jodi dimanch 6 fevriye 2022 a.

Nan mwà septanm 2020 an, animatris Radyo Tele Karaib la, te viktim yon pwemye zak kidnapping nan lokalite Delma; konsa, li te relache mirakilezman. Jodi dimanch lan, yon lòt fwà ankò, Caelle ki yon animatriz ki boure ak ekout, trouve li kidnape pami yon katafal lòt moun notwà ke bandi sangwen arive kidnape atravè kapital la, pami yo ou jwen pastè ou chantè evanjelik byen koni, Lochard Rémy nan moman li te nan wout pou legliz nan Taba.

Se detrès, se dezolasyon e se revòltan! Tout deriv sa yo ap pase anba tounen yon seri dirijan politisyen koupyon ak idyo ki nan konivans ak bandi ou bandi polisye kap travay pou yo.

Share:

Leave a reply