Nòdwès : pwoblèm dlo potab, yon veritab malè pandye pou sitwàyen yo nan Senlwidinò.

2,043

08-10-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon nòlwizyen an ap monte yon kalvè depi plis pase 10 lane pou yo jwenn yon vè dlo potab pou yo bwè. Sitiyasyon sa a kòmanse depi ansyen rezo 2èm seksyon an te tonbe an defayans lan; epi ajoute a rezo 3èm seksyon Dègranj, ACF te konstwi a ki pa reyabilite jis koulya, yon rezo ki dote de yon kapasite pou alimante tout komin nan si tout fwa te gen bonjan pase men ki te fèt ladanl.

Chak moman DINEPA, ap fè ale vini nan komin Senlwidinò a, pa janm gen anyen serye ki regle e ki pran an konsiderasyon pwoblèm dlo, ki se yon eleman endispansab nan vi chak moun.

Pou moun kap viv nan komin Senlwidinò, dlo se yon liks. Se nan tout ti ra kwen moun ap chèche kote ki gen yon pi, pou yo bwote dlo pou bay timoun kou granmoun bwè, sinon ou oblije achte yon tigalon pou 15 goud. Ki kalite lavi sa pou mas defavorize a!

Popilasyon an mande responsab yo, dekrete yon eta dijans nan sa ki gen pou wè ak zafè dlo potab pou komin!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.