Paul Elie Faustin bay randevou premye janvye 2022 pou manifeste kont gouvènman defakto a.

179
0
Share:
TRiboLAND

Par Louis Jameson 12/28/2021

Pòdpè____(TRiboLAND) Lidè pati politik FÒSNOU ki gen nan tèt li Paul Elie Faustin, opozan fawouch sou pouvwa ansyen chèf leta, defen prezidan Jovenel Moïse, kase randevou ak tout moun premye janvye 2022 kap vini la pou manifeste kont gouvènman anplas la.

Yon lòt bò, pitit nòdwès la bay anpil rezon ki ankouraje l kanpe anfas mouche leta. Pwemyèman akoz kidnapping nan kap moute balkon, dezyèman lavi chè ak ensekirite kap vale teren, finalman san konte chomaj ak grangou kap fè ravaj nan mitan popilasyon an.

Yon lòt kote, militant an rabat pou l di ke li konstate wout Lasalin la tounen lanfè, e depi apwè lanmò Jovenel Moïse tout pwojè nòdwès yo kanpe sèk. Konsa, premye janvye kap vini la li envite tout moun nòdwès vin manifeste soti vè 9:00 am pou rive 11: 00 am sou wout Twà Rivyè a bò moniman Kapwa Lamò a.

Nap raple w, apwè entèvansyon lidè FÒSNOU sou yon radyo sè nan site Kapwa Lamò a, moun yo pat mete dlo nan bouch yo pou di : se paske gato a mal separe ki fòse Mesye Paul Elie Faustin ap pran desizyon pou manifeste nan sousi pou fè tande vwàl!

Share:

Leave a reply