Etazini ak patnè entènasyonal yo pwomèt pou bay PNH la plis jarèt ak ekipman krese sere

12/17/2021
Wachentonn________(TRiboLAND) Apwè rankont vityèl ak divès patnè ak òganizasyon entènasyonal yo, sekretè adjwen deta ameriken an, Brian A. Nichols atravè yon konferans telefonik, bay lapwès kèk detay sou chita tande sou kriz Ayiti a yè vandredi 17 desanm 2021 an.
Mesye Nichols soulinye ke Biwo Entènasyonal Asistans pou konbat aktivite dwòg ak aplikasyon lalwà ap gen pou ranfòse kantite ekspè nan peyi Dayiti; li ap pase de 9 jiska 16 ane pwochèn; konsa, yo ap genyen pou finalize fevwiye pwochen, livwezon 50 machin ak ekipman pwoteksyon toulimen bay polis nasyonal la.
Bò kote pa li, peyi Japon pwomèt yon bagatèl 300 milyon dola vèt. Magogo sa ap destine pou mete sou pye konstriksyon kay ak lòt enstalasyon pou polis nasyonal la.
Anplis, peyi Meksik atravè enstans elektoral li a, pwomèt pou akonpanye peyi Dayiti nan demach òganizasyon eleksyon yo.
Sekretè deta adjwen pou emisfè oksidantal la, deklare ke li rete kwè ke sitiyasyon ensekirite peyi Dayiti genyen plis pou wè avèk lapolis men pa militè. Konsa, li ankouraje bonjan dyalòg politik ki kapab degaje yon konsansis ki kapab fasilite remanbweman enstitisyon demokratik yo ansanm ak òganizasyon eleksyon anndan peyi a.






