Yon lòt ensandi gaz nan Pòdpè koz yon moun kankannen vif

12/15/2021
Pòdpè____(TRiboLAND) Stokaj gaz pa sispan mete dèy nan sosyete ayisyèn nan. Yon lòt fwà ankò se rèl kay makorèl nan Dè Letan, nan komin Pòdpè; yon granmoun fanm andikape, 90 rekòt ki pote non Cézanne Choute mouri kalsine anndan yon kay ki tap kankannen ak dife yèswà madi 14 desanm 2021 an nan lokalite Dè Letan, nan vil Pòdpè.
Selon pwosevèbal jij Yonel Opsaint drese, ta genyen endis ki montre ke te genyen ti komès gaz blan ki tap fèt nan kay la. Konsa, Jij la te òdone pitit fi granmoun nan leve kadav kalsine a pou sèvis mòg.







I do not even know the way I stopped up here, but I thought this publish was once good. I do not recognise who you’re but certainly you’re going to a famous blogger should you aren’t already 😉 Cheers!